Rechèch nan Rejis Piblik Delenkan Seksyèl

Chwazi YON Chan pou Chèche nan Sou-repètwa a dapre:
- OR -
- OR -


More Info



Ou oblije tcheke kaz Captcha a avan ou klike sou “Search” (Chèche).


 

Poutèt ou klike sou "Search (Chèche)", sa vle di ou sètifye ou te
li avètisman 


Rejis Delenkan Seksyèl yo montre kounye a plizyè foto delenkan seksyèl ki anrejistre yo, lè foto yo vin disponib, pou bay Nouyòkè yo plis enfòmasyon pou yo kenbe fanmi yo an sekirite. Rejis la gen ladan tou anpil non (fo non) ak anpil adrès kay ak/oswa travay nan pwofil yon delenkan seksyèl, si li posib.

Dapre lalwa, se sèlman enfòmasyon sou delenkan seksyèl Nivo 2 ak Nivo 3 ki disponib nan anyè piblik sa a.

Konsèy pou chèche:

  • Dapre siyati:  Pou chèche dapre non, antre siyati delenkan seksyèl la.
  • Dapre kòd postal:  Ou ka jwenn yon lis tout delenkan seksyèl ki abite nan yon zòn espesyalman si w antre kòd postal la.
  • Dapre Konte:  Ou ka jwenn yon lis tout delenkan seksyèl ki abite nan yon Konte sitou si w antre non Konte a.

Delenkan seksyèl Nivo 1 ak Nivo 2 yo gen obligasyon pou soumèt nouvo foto yo chak twazan, alòske delenkan seksyèl Nivo 3 yo dwe soumèt nouvo foto yo chak ane. Answit, delenkan seksyèl Nivo 3 yo ak delenkan seksyèl yo deziyen kòm predatè seksyèl dwe verifye adrès pèsonèl yo chak 90 jou avèk lapolis. Si aparans yon delenkan seksyèl chanje, lapolis ka fè foto delenkan seksyèl la pou soumèt nouvo foto a ba Rejis la.

Rechèch delenkan seksyèl Nivo 1 (oswa delenkan ki gen yon nivo risk annatant):

DCJS gen entèdiksyon lalwa pou afiche enfòmasyon sou delenkan seksyèl Nivo 1 (nivo ba), oswa delenkan seksyèl ki gen nivo risk ki annatant, nan sitwèb piblik sa a.

Menmsi DCJS pa kapab di ou si gen nenpòt delenkan seksyèl Nivo 1 oswa delenkan seksyèl ki gen nivo risk ki annatant nan katye ou oswa kimoun yo ye, ajans lan kapab fè ou konnen si gen yon moun patikilye ki nan rejis la.

Rele 1-800-262-3257 avèk non ak omwen yon lòt idantifikatè (yon adrès egzat, dat nesans, nimewo lisans chofè, oswa yon nimewo sekirite sosyal) pou konnen si yon moun se yon delenkan seksyèl ki anrejistre nan New York. Nou bay foto delenkan seksyèl Nivo 1 yo si ou fè demann lan.