Division of Criminal Justice Services

Aksè nan Dosye Istwa Kriminèl

English  |  Español  |  Kreyòl Ayisyen  |  Italiano  |  русский  | 한국어 | 中文

Règleman Eta New York pèmèt yon moun resevwa yon kopi enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl li yo kenbe nan Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl (Division of Criminal Justice Services, DCJS) oswa yon repons “pa gen dosye” ki endike li pa gen enfòmasyon nan dosye istwa kriminèl li nan dosye ki nan ajans lan. Yo rele sa yon Revizyon Dosye Pèsonèl (Personal Record Review).

Gen pèmisyon pou jwenn aksè nan enfòmasyon ki nan dosye kriminèl moun pou travay oswa pou lisans sèlman si gen yon lwa leta, lwa federal, oswa lwa lokal yon vilaj, yon ti vil, yon gwo vil, oswa yon konte Eta New York ki bay otorizasyon espesyal pou tcheke enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl ki baze sou anprent dijital.

Moun yo pa kapab mande enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl pou yon lòt moun pou yo detèmine si moun sa a gen yon istwa kriminèl.

Gid pou Dosye Istwa Kriminèl Eta New York (PDF, 14 paj): Dokiman sa a gen yon egzanp yon dosye istwa kriminèl, ki rele souvan yon “kazye jidisyè,” pou bay eksplikasyon ak detay sou kalite enfòmasyon li kapab gen ladan.

Kesyon Moun Poze Souvan konsènan Dosye Istwa Kriminèl (PDF, 7 paj): Dokiman sa a gen plis enfòmasyon sou dosye istwa kriminèl yo, sou fason pou jwenn aksè ladan yo, sou fason pou konteste presizyon oswa totalite dosye yo, ak lòt dokiman ki disponib pou ede moun ki gen kondanasyon kriminèl.

Gid Komisyon Federal pou Opòtinite Travay Egalego Pou Tout Moun (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC): Lyen sa a gen konsèy ki endike fason pou eskli moun ki aplike pou djòb ki gen dosye kriminèl.

Pwogram Revizyon Dosye Pèsonèl

Règleman Eta New York pèmèt yon moun resevwa yon kopi enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl li yo kenbe nan DCJS oswa yon repons “pa gen dosye” ki endike li pa gen enfòmasyon nan dosye istwa kriminèl li nan dosye ki nan ajans lan. Yon avoka ka mande enfòmasyon sa yo tou sou non kliyan li.

Pwosesis sa a rele yon Revizyon Dosye Pèsonèl (Personal Record Review). Moun pa kapabmande yon Revizyon Dosye Pèsonèl pou yon lòt moun pou yo kapab detèmine si moun sa a gen yon istwa kriminèl. Anjeneral, dosye istwa kriminèl yo rele kazye jidisyè.

Gen de (2) kalite repons pou Revizyon Dosye Pèsonèl:

Revizyon Dosye Pèsonèl – Ki Pa Siprime: Repons sa a gen ladan tout enfòmasyon ki nan dosye kriminèl ki siprime oswa ki sele anba Lwa konsènan Pwosedi Kriminèl (Criminal Procedure Law, CPL), tankou:

  • CPL 160.50 afè ki anile
  • CPL 160.55 vyolasyon ki kalifye/kondanasyon pou vyolasyon règ
  • CPL 160.58 kondanasyon pou abi alkòl/dwòg ak kondanasyon asosye
  • CPL 720.35 desizyon tribinal kont delenkan jèn yo

Revizyon Dosye Pèsonèl – Ki Siprime: Repons sa a pa gen ladan enfòmasyon ki sele oswa ki siprime, jan sa detaye anwo a.

Enfòmasyon ki Obligatwa pou yon Revizyon Dosye Pèsonèl

Yon moun oswa avoka li dwe chwazi pou resevwa swa yon repons pou Revizyon Dosye Pèsonèl ki pa siprime oswa ki siprime. Si moun nan bezwen toulède repons yo, li dwe soumèt yon demann apa pou chak repons. 

Moun ki kwè yo gen enfòmasyon nan dosye istwa kriminèl yo ki anba plis pase yon non dwe mete non (yo) kòm ti non jwèt nan aplikasyon Revizyon Dosye Pèsonèl la ak nan kat anprent dijital la. Enfòmasyon sa yo ap ede DCJS jwenn lòt dosye ki sele.

Yon moun kapab itilize rapò sou enfòmasyon dosye istwa kriminèl li/kazye jidisyè li, oswa repons “pa gen dosye” li pou nenpòt rezon pèsonèl.

Men, yon moun pa ka itilize enfòmasyon sa yo pou jwenn yon djòb oswa lisans si lalwa egzije li pou li fè yon verifikasyon dosye kriminèl ki baze sou anprent dijital pou djòb la oswa pou lisans lan. Gen yon metòd apa moun yo dwe swiv si verifikasyon dosye kriminèl ki baze sou anprent dijital obligatwa pou yon djòb oswa pou yon lisans; gade onglè ki gen tit: Aksè nan Dosye Istwa Kriminèl.

Lwa Travay (Labor Law) Eta New York entèdi patwon yo pou yo egzije moun pou fè anprent dijital yo kòm yon kondisyon pou yo jwenn oswa kontinye yon djòb, sof lalwa egzije yo pou fè sa. Seksyon sa a aplike pou:

  • Anplwaye leta oswa anplwaye depatman minisipal yo;
  • Anplwaye lopital ki anrejistre legalman, ak anplwaye kolèj medikal ki asosye avèk lopital sa yo;
  • Anplwaye lopital prive ki gen non komèsyal.

Lwa Travay Eta New York egzije pou chak patwon dwe afiche, nan yon kote ki gen aksè fasil pou anplwaye li yo, tou yon kopi Atik 23-A Lwa Koreksyon, ki konsène lisans ak travay moun lajistis te kondane pou krim.

Tanpri klike sou lyen ki apwopriye a pou jwenn enfòmasyon sou fason pou mande yon Revizyon Dosye Istwa Kriminèl Pèsonèl:

 

Ki Baze sou Frè Revizyon Dosye (Si ou abite nan Eta New York)

Pou Mande yon Revizyon Dosye Piblik
                  W ap Viv nan Eta New York:

  1. Pou pran yon randevou pou fè anprent dijital, kontakte MorphoTrust USA depi ou rele nimewo
    1-877-472-6915 (gratis) oswa depi ou ale sou sitwèb: www.Identogo.com. Eta New York gen kontra avèk MorphoTrust USA pou bay sèvis sa a.
  2. Ou dwe bay enfòmasyon ki endike anba la yo lè w ap rele pou pran yon randevou:
    1. Nimewo ORI Revizyon Dosye a: NYDCJSPRY
    2. Kalite Revizyon Dosye Pèsonèl la: Ki Siprime oswa ki Pa Siprime
    3. Si n ap voye repons lan ba yon avoka alaplas moun ki fè demann lan
  1. Moun yo dwe bay enfòmasyon ki endike anba la lè yo rive pou randevou pou yo fè anprent dijital la:
    1. De (2) fòm idantifikasyon (enfòmasyon sou fòm ki akseptab yo disponib sou sitwèb MorphoTrust USA oswa nan Sant Sèvis Kliyantèl MorphoTrust USA); 

      EPI
    2. Peman pou sèvis anprent dijital la: $59.95 dola avèk lajan kach, kat kredi oswa chèk pèsonèl oswa chèk biznis, chèk sètifye, chèk labank oswa chèk postal (money order) ki ekri sou non “MorphoTrust USA”.

Apre Ou Soumèt yon Demann 

Moun yo ka verifye si yo te soumèt tranzaksyon anprent dijital yo ba DCJS depi yo kontakte MorphoTrust USA nan nimewo 1-877-472-6915 (gratis).

DCJS ap voye repons sou Revizyon Dosye Pèsonèl nan sèvis lapòs Etazini nan sèt (7) a 10 jou ouvrab apre yo resevwa anprent dijital youn moun. Ou pa kapab vini nan DCJS pou resevwa repons yo.

Repons lan ka gen ladan enfòmasyon ki nan istwa kriminèl, enfòmasyon sivil lè ou soumèt anprent dijital yo dapre lalwa pou travay oswa pou resevwa lisans, oswa "pa gen repons," ki endike pa gen istwa kriminèl nan dosye ki nan DCJS. Sa ki endike nan repons lan tou se yon fòm ki eksplike kijan pou konteste presizyon nenpòt enfòmasyon yo rapòte.

 

Ki Baze sou Frè Revizyon Dosye (Si ou pa abite nan Eta New York)

Pou Mande yon Revizyon Dosye pandan W ap viv Deyò Eta New York:
Moun k ap chèche fè yon revizyon dosye deyò eta a ap bezwen swiv etap sa yo:

  1. Sovgade fòm sa a ki ka ranpli a nan PC ou (klike adwat sou lyen an epi chwazi 'Save as...'): Request for MorphoTrust USA Cardscan Fingerprinting Services.
  2. Revize enstwiksyon yo epi ranpli Pati 1 aplikasyon an sou fòm elektwonik epi enprime li. Tanpri siyen konfimasyon nan Pati 1 a epi fè notarye li. Si moun ki aplike a se yon timoun minè, responsab legal la dwe siyen aplikasyon an.
  3. Apre ajans lapolis ajans lapolis fè anprent dijital ou epi apre ajans lan ranpli Pati 2 aplikasyon an, voye de (2) fòm idantifikasyon ki gen ladan omwen youn ki gen yon foto ak kat anprent dijital la, kopi de (2) fòm obligatwa idantifikasyon an ki gen ladan omwen yon foto ak peman obligatwa a ba MorphoTrust USA ba Inite Revizyon Dosye Divizyon Sèvis Kriminèl Eta New York (New York State Division of Criminal Justice Services) (DCJS) pou revizyon nan adrès ki anba la a:

    Inite Revizyon Dosye (Record Review Unit)
    New York State Division of Criminal Justice Services
    80 South Swan Street, 5th Floor
    Albany, New York 12210
  4. Ou kapab jwenn yon kat anprent dijital pou ajans lapolis itilize pou fè anprent dijital depi ou telechaje yon kat anprent dijital Biwo Federal Ankèt (Federal Bureau of Investigation, FBI) oswa depi ou fè demann lan ba Record Review Unit nan nimewo 1-800-262-3257.
  5. Record Review Unit ap revize aplikasyon ou, epi, si ou ranpli aplikasyon an, y ap voye li ba MorphoTrust USA pou yo travay sou li.  Y ap retounen aplikasyon ki pa byen ranpli yo ba ou.
  6. DCJS ap voye repons sou Revizyon Dosye Pèsonèl (Personal Record Review) nan sèvis lapòs Etazini nan 10 jou ouvrab apre yo resevwa anprent dijital ak dosye asosye youn moun nan MorphoTrust USA. Ou pa kapab vini nan DCJS pou pran repons yo.
  7. Repons lan ka gen ladan enfòmasyon ki fè pati nan istwa kriminèl, enfòmasyon sivil lè ou soumèt anprent dijital yo dapre lalwa pou travay oswa pou resevwa lisans, oswa "pa gen repons," ki endike pa gen istwa kriminèl nan dosye ki nan DCJS. Repons lan ap gen ladan tou yon fòm k ap eksplike kijan pou konteste presizyon nenpòt enfòmasyon yo rapòte sou dosye istwa kriminèl.
  8. Ou kapab kontakte Record Review Unit nan nimewo 1-800-262-3257 pou nenpòt kesyon ou genyen sou pwosesis sa a.

Egzanpsyon Frè Revizyon Dosye

Pou Mande yon Revizyon Dosye ak Egzanpsyon Frè $50 dola pou Revizyon Dosye Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl (Division of Criminal Justice Services, DCJS):

Moun ki pa kapab peye frè pou nou fè anprent dijital la ka kontakte DCJS pou yo mande yon gwoup dokiman aplikasyon pou Egzanpsyon Frè pou Revizyon Dosye nan:

Adrès Imèl: RecordReview@dcjs.ny.gov. Tanpri bay dènye adrès postal ou okonplè, tankou adrès ou deyò Etazini, pou jwenn gwoup dokiman aplikasyon an. Nou pa kapab voye gwoup dokiman an nan adrès imèl. 

OSWA

Pa Lapòs: 

Inite Revizyon Dosye (Record Review Unit)
New York State Division of Criminal Justice Services
80 South Swan St.
Albany, New York 12210

  • Ranpli gwoup dokiman Egzanpsyon Frè pou Revizyon Dosye (Record Review Fee Waiver) epi retounen li ba DCJS Record Review Unit (adrès la endike anwo a) epi chwazi kalite Revizyon Dosye Pèsonèl la (Personal Record Review): Ki Siprime (Suppressed) oswa ki Pa Siprime (Unsuppressed).
  • Tanpri mete sa ki anba la yo:
    • Fòm aplikasyon pou Record Review Fee Waiver.
    • Kat anprent dijital ki ranpli a: jwenn anprent dijital ki nan kat anprent dijital ou resevwa a epi mete enfòmasyon demografik yo sou kat la. Tanpri itilize sèlman kat ou resevwa a epi pa plwaye li. Si li posib, ranpli seksyon otorizasyon ki nan fòm aplikasyon an pou fè nou voye repons pou demann Revizyon Dosye a ba yon avoka.
    • Pou sipòte yon demann egzanpsyon frè, ou dwe soumèt tou swa:
      • Yon kopi yon kat avantaj èd piblik ki ajou ak valab ki sou non ou. Sa kapab se yon kat Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) (Koupon pou Manje), yon Kat Medicaid, yon Kat Avantaj Èd Piblik Eta New York (New York State Public Assistance Benefits), oswa yon kat avantaj èd piblik nan yon lòt eta.

        OSWA
      • Record Review Fee Waiver – Etadkont Finansye Notarye (Notarized Financial Statement) (DCJS 1894B 01/16) ki egzije ou pou bay enfòmasyon sou revni moun lakay ou anvan dediksyon (total) ak kantite moun k ap viv lakay ou. Ou dwe ranpli fòm nan, ou dwe siyen li epi ou dwe fè notarye li. N ap mete fòm sa a ansanm avèk gwoup dokiman Egzanpsyon Frè (Fee Waiver) epi ou dwe ranpli ak retounen li si ou PA soumèt yon kat avantaj èd piblik pou kore demann ou pou yon Fee Waiver.
  • Anplwaye DCJS yo ap travay sou kat anprent dijital la apre nou apwouve demann Record Review Fee Waiver.

Apre Ou Soumèt yon Demann

Apre ou voye Demann Record Review Fee Waiver ba DCJS, tanpri kite omwen sèt (7) a 10 jou pase pou jwenn repons, n ap voye ba ou nan Sèvis Lapòs Etazini.

Repons lan ka gen ladan enfòmasyon sou istwa kriminèl, enfòmasyon sivil lè lapolis soumèt anprent dijital yo oswa lisans, oswa "san repons", ki endike ou pa gen istwa kriminèl nan DCJS. Epitou nan repons lan ap gen yon fòm k ap eksplike kijan pou konteste presizyon nenpòt enfòmasyon yo rapòte.

 

 

Aksè nan Dosye Istwa Kriminèl

Nou ka divilge enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl ki nan DCJS sèlman ba enstitisyon ki gen otorizasyon legal pou gen aksè nan enfòmasyon yo oswa dapre yon lòd lajistis oswa dapre yon sitasyon. Anjeneral, dosye istwa kriminèl yo rele “kazye jidisyè.”

Lwa Egzekitif Eta New York (New York State Executive Law) defini “ajans kalifye” nou admèt ki pou gen aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl. Gen pèmisyon pou jwenn aksè nan enfòmasyon ki nan dosye kriminèl pou travay oswa pou lisans sèlman si gen yon lwa leta, lwa federal, oswa lwa lokal yon vilaj, yon ti vil, yon gwo vil, oswa yon konte Eta New York ki bay otorizasyon espesyal pou tcheke enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl ki baze sou anprent dijital.

Chak ajans oswa òganizasyon ki otorize pou gen aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl gen yon kontra avèk DCJS ki rele yon Akò pou Itilizasyon ak Divilgasyon. Akò sa a endike responsablite DCJS ak enstitisyon ki otorize pou gen aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl. 

Ajans oswa òganizasyon k ap chèche jwenn aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl dwe soumèt yon demann alekri.

Demann pou Jwenn Aksè nan Enfòmasyon ki nan Dosye Istwa Kriminèl (PDF, 2 paj)

Moun, ajans ak òganizasyon ki pa gen otorizasyon legal pou gen aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl ki nan DCJS kapab tcheke sa ki endike anba la a pou yo jwenn plis enfòmasyon:

  • Biwo Administrasyon Tribinal (Office of Court Administration, OCA) Eta New York bay dosye kondanasyon yo pou yon frè $65 dola. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sitwèb www.nycourts.gov epi klike sou lyen FAQs (kesyon moun poze souvan) oswa rele Inite Rechèch Istwa Kriminèl (Criminal History Search Unit) nan nimewo (212) 428-2943 ant 10 a.m. ak 4 p.m., depi lendi jiska vandredi.
  • Depatman Koreksyon ak Sipèvizyon Kominotè (Department of Corrections and Community Supervision) Eta New York konsève enfòmasyon sou moun k ap pije oswa ki t ap pije santans yo nan prizon leta ak sou moun ki nan, oswa ki te nan libète sou kondisyon. Ale sou sitwèb www.doccs.ny.gov pou jwenn aksè nan fonksyon rechèch “Inmate Lookup” ak “Parolee Lookup”.
  • Rejis Delenkan Seksyèl (Sex Offender Registry) Eta New York konsève enfòmasyon sou delenkan seksyèl ki anrejistre yo. Dapre lalwa, se sèlman enfòmasyon sou Delenkan Nivo 2 (risk mwayen pou residive) ak Delenkan Nivo 3 (gwo risk pou residive) disponib nan lyen Delenkan Seksyèl sou sitwèb DCJS.
    • Enfòmasyon sou delenkan Nivo 1 (risk ki fèb pou residive), 2 ak 3, ak delenkan ki gen nivo risk yon tribinal poko detèmine, disponib nan yon nimewo pou rele gratis: 1-800-262-3257, peze 2. Moun ki rele yo dwe bay yon prenon ak non fanmi ak swa yon adrès egzat, dat nesans, nimewo lisans chofè oswa nimewo Sekirite Sosyal.
    • Patwon yo, òganizasyon volontè yo oswa operatè kan timoun ka soumèt yon lis non tou nan Rejis la pou yo kapab tcheke non yo nan baz done Rejis la. Pou jwenn plis enfòmasyon, klike la a.

Pou kesyon konsènan aksè nan enfòmasyon ki nan dosye istwa kriminèl, ou ta dwe kontakte Biwo Sèvis Legal (Office of Legal Services) DCJS nan nimewo (518) 457-8413. Ou ka voye demann enfòmasyon yo tou nan:

  • Adrès Imèldcjslegalservices@dcjs.ny.gov. Tanpri mete “Criminal History Record Information Access Inquiry” (Demann Aksè nan Enfòmasyon ki nan Dosye Istwa Kriminèl) nan liy sijè a.

OSWA

Pa Lapòs:   

New York State Division of Criminal Justice Services
Office of Legal Services
Criminal History Record Information Access Inquiry
Alfred E. Smith Building
80 South Swan St.
Albany, New York 12210

Arestasyon ki Konsène Vòl Idantite yo Sispèk

DCJS kapab ede moun ki kwè yon lòt moun lapolis te arete pou yon krim ki lakòz yo te pran anprent dijital li te itilize enfòmasyon ki idantifye moun sa yo, tankou non yo, dat yo fèt oswa nimewo Sekirite Sosyal yo.

Kontakte DCJS nan:

Telefòn: (518) 457-6063 oswa 1-800-262-3257, peze 1 (mande pou pale avèk David Rowell)

OSWA

Adrès Imèl: matthew.grogan@dcjs.ny.gov

OSWA

Pa Lapòs: 
Manager, Records Management Unit
Office of Criminal Justice Operations
New York State Division of Criminal Justice Services
Alfred E. Smith Building
80 South Swan St., Room 629
Albany, New York 12210

Moun yo dwe bay enfòmasyon ki anba la yo:

  1. Detay sou evènman arestasyon an ki sipoze gen ladan enfòmasyon ki idantifye yo. Sa gen ladan dat arestasyon (yo), nimewo rejis tribinal la, oswa lòt dokiman, tankou atik jounal, pou idantifye arestasyon an pou anplwaye DCJS yo kapab jwenn enfòmasyon yo; epi
  2. Anprent dijital yo. Moun yo kapab mande ka anprent dijital yo nan DCJS depi yo rele oswa depi yo voye yon imèl. Lè moun yo resevwa kat la, yo ta dwe ale nan depatman lapolis oswa biwo cherif lokal yo pou yo fè anprent dijital yo. Yo ta dwe retounen kat anprent dijital yo ranpli a ba DCJS ansanm avèk enfòmasyon sou evènman arestasyon yo sipoze a.

Lè DCJS resevwa enfòmasyon ki apwopriye yo, ajans lan ap evalye reklamasyon an epi l ap bay yon lèt ki endike swa:

  1. Reklamasyon an Jistifye: Lèt la ap endike anprent dijital moun nan pa menm avèk anprent dijital ki nan arestasyon yo te konpare a, men yo te itilize sèten enfòmasyon idantifikasyon anrapò avèk yon arestasyon; oswa
  2. Reklamasyon an Pa Jistifye: Lèt la ap endike DCJS pa kapab jistifye reklamasyon ki endike yon lòt moun te itilize enfòmasyon ki idantifye moun nan pandan yon arestasyon.